Chanpyona italyen an te demare aprèmidi a kote te gen kat match. Non yon premye tan Lecce fè match nil kay Genoa epi Napoli al genyen kay Sassuolo. AS Roma bò kote pa l fè yon viktwa tou kout sou Bologna. Manman koze a se Milan ki pèdi lakay yo kont Cremonese.
Nan yon match Milan te domine depi nan kòmansman pou rive nan fen, yo te sezi wè se Cremonese ki ouvè eskò a pa mwayen Federico Baschirotto, yon defansè santral, nan 28è minit match la. Milan ki te san enspirasyon te oblije tann tan adisyonèl premye mitan an pou egalize gras ak Strahinja Pavlović, yon defansè santral.
Dezyèm mitan an te demare nan menm dinamik la ak yon milan ki ap miltipliye pas san enkyete defans Cremonese a. Men bagay yo te chavire nan 61è minit kote Federico Benazzoli, yon abitye nan Serie A, te make yon gòl sizo ki te siprann defans Milan an pou re bay Cremonese avantaj la.
San Rafael Leão epi yon match mwayen Santiago Gimenez, atakan meksiken an, Milan pa t rive sove lonè yo e pèdi premye match chanpyona a 1-2, nan fyèf yo.
Defèt sa se premye defèt Milan lakay yo kont ekip Cremonese a, yon klèb ki fonde depi 1903. Se premye fwa tou Cremonese kòmanse chanpyona premye divizyon italyen an ak yon viktwa. Cremonese ap ka konte sou twa pwen sa yo sitou nan fen sezon an pou eseye rete nan elit la.
Men rezilta match jodi a:
Genoa 0-0 Lecce
Sassuolo 0-2 Napoli
Milan 1-2 Cremonese
Roma 1-0 Bologna
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou