Nan match twazyèm jounen Ligue Haïtienne Football la, Juventus te pran wout leyogàn pou al eseye devye plan lidè zòn Sid la. Pandan deplasman sa, ekip 3èm vil peyi a fè fas ak moman ki lakoz ekip la pran plis tan nan wout. Bis ki t ap mennen jwè yo, te rive pran pàn pandan 2 fwa. Akoz sa, ekip solo a te oblije itilize lòt estrateji pou rive sou tèren Gerard Christophe la.
Nan lè yo te rive a, mesye yo pa t rive jwenn ase tan pou chofe anvan menm yo demare rankont lan. E kòm konsekans, nan moman yo t ap jwe a, plizyè nan yo te rankontre kèk ti pwoblèm fizik sa ki te fè ekip lan te mal pou jere advèsè a.
Yon lòt bò, jwè Solo yo ki abitye jwe bèl foutbòl, te rive yon moman kote te gen anpil pas ki pa t bon, e plizyè fwa, jwè Cavaly yo te gen chans rekipere balon an san pwoblèm nan pye yo sitou nan premye peryòd la. Men nan dezyèm peryòd lan, ekip la te gen yon amelyorasyon sitou avèk enplikasyon Peterson Seïde ki te konprann fòk li desann ba pou ale chache balon an epi pote l devan. Malerezman sa pa t chanje anyen malgre plizyè tantativ jwè Juventus yo te eseye fè pou mete an danje gadyen cheval wouj yo.
Avèk tout pwoblèm sa jwè yo t ap fè fas konsa, youn nan jwè solo yo, te fè yon aksyon ki te lakoz abit la pase l yon katon wouj. Sou yon pas Seïde fè pou li, Synvilcat Guetz te chwazi bay defansè Cavaly a yon kout koud nan vizaj. E kòm rezilta, abit rankont lan te ba l yon katon wouj dirèk sa ki fè klèb sid la fini ak 10 kont 11.
Lè match la te fini, Juventus te pran wout pou tounen nan baz, e sou chimen, bis sa ki t ap mennen jwè yo, te tounen pran yon twazyèm pàn e fè jwè yo pran plis tan pandan pakou yo. Pwoblèm sa mesye yo te kontre a, montre kòman klèb yo dwe pran bonè a chak fwa yo gen pou fè deplasman pou ale jwe lakay yon lòt ekip. Konsa, yo ap gen plis tan pou repoze avan match demare e si yo ta kontre pwoblèm sou wout lan, y ap gen plis tan pou jwenn yon plan B.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou