AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI PremyeDivizyon

PremyeDivizyon

LHF : Oxat Francisco tounen yon miray ki bloke tout atak Violette yo

imaj atik la

23 novanm 2025   Steve Pierre   746

Nan gwo dèbi nasyonal la, ki te jwe jodi dimanch lan, nan Pak Sainte-Thérèse, Racing Club Haïtien frape fò, lè li bat Violette AC (2-0). Men, si tout moun ap pale de gòl Peterson Germain (25’) ak Jean James (90+4’), se yon lòt non k ap sikile pi fò nan bouch fanatik yo : Oxat Francisco, gadyen ki tounen sèl rezon Violette pa t rive retounen nan match la.


Oxat Francisco te klere tankou jan Courtois te ye fas ak Liverpool nan final LDC 2022 a. Gadyen an te fè yon seri gwo arè ki kraze moral atakan Violette yo. Plis pas 7 chout kadre te frape sou li, men okenn pa t rive pase. Se li ki te kenbe match la vivan, sitou lè Violette te mete gwo presyon.

Nan kèk aksyon, li te oblije detire kò l nèt, retire yon kout tèt ki te sanble deja antre. Sou liy lan, nan dyèl anlè, nan degajman, misye pa t rate anyen.

Depi premye minit match la, piblik la te santi Oxat nan gwo jounen l. Chak arè li fè, tribin nan eksploze, yo rele l “4 ponyèt”, yon ti non ki deja pran nan kominote fanatik Racing CH la. Poukisa 4 ponyèt? Paske, daprè yo, li kenbe boul yo tankou li gen 4 ponyèt.

Sa pa t yon premye fwa pou Oxat. Nan premye jounen an, gadyen an te deja sove Racing CH lè li te stope yon penalite pou Marckendy Claude, kapitèn Juventus FC nan LHF la, vin tounen premye jwè ki rate yon penalite nan kompetisyon an.

Gras ak solidite defans lan, pwofesyonalis gadyen an, ak efikasite atakan yo, Racing CH pran dezyèm viktwa yo nan twa match nan gwoup sid la, nan yon lig ki vin pi atraktif chak semèn.

Si Oxat pa t la jodi a, anpil fanatik dakò : Violette AC t ap gentan leve men yo anlè. Men 4 ponyèt la fèmen pòt la.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou