AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI PremyeDivizyon

PremyeDivizyon

LHF: Cavaly A.S galope sou chanpyon an tit yo

imaj atik la

24 novanm 2025   Neuvième Junior   519

Aprè Raicing club Haïtien, Cavaly A.S te gen randevou ak chanpyon an tit la pou jwe 3èm jounen chanpyona nasyonal la. E kont tout atant, Juventus des Cayes pèdi rezon kont Cheval wouj yo ki kase kòd e rive galope sou ekip solo a (2-0) nan pak Gerard Christophe lan.


Aprè Raicing club Haïtien, Cavaly A.S te gen randevou ak chanpyon an tit la pou jwe 3èm jounen chanpyona nasyonal la. E kont tout atant, Juventus des Cayes pèdi rezon kont Cheval wouj yo ki kase kòd e rive galope sou ekip solo a (2-0) nan pak Gerard Christophe lan.

Nan yon rankont kote klèb Leyogàn lan te swete pran revanj sou Juventus des Cayes akoz fason sa te ye sezon pase a, ekip Cavaly a te demare match lan ak yon motivasyon ki te montre aklè yo vin fè koze. Byen bonè nan match la, sou yon bèl pas an pwofondè, Yves Adlin Dorimin tout moun konnen sou non Bafana, te bay avantaj ak chevalye wouj yo nan 3èm mi'iti swit ak yon neglijans kote defansè Juventus la.

Avèk ouvèti eskò match la, solo yo te vle retounen nan match, men sa pa t posib nan fason Leyoganè yo te byen òganize pou anpeche advèsè a jwe. Cheval wouj yo te motive e sa te pèmèt yo gen yon konfyans ki fè yo konstwi jwèt la, eseye fè plizyè pas pou alimante atakan yo devan. Milye tèren yo te alèz pou òganize jwèt la e sòti balon an byen tout pandan premye peryòd la. E kòm rezilta pozitif, yo te jwenn gòl 2-0 a ak yon lòt pas an pwofondè ki te al fini nan pye Wutsen Joseph ki pa t rate okazyon (2-0) a.

Nan dezyèm peryòd la, bagay yo te parèt diferan pou Cavaly ki te vin gen anpil difikilte pou enpoze jwèt yo menm jan an. Poutan, vizitè a ki t ap chache pran kontwòl rankont lan, pa t kapab anpeche cheval la galope nan patiraj lan (2-0) epi anrejistre dezyèm viktwa yo nan chanpyona ayisyen an.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou