ARABISaudiProLeagueArabCupSaudiCupLòt
AKÈY ARABI Lòt

Lòt

Al Ittihad pran yon kalòt nan C1 Azyatik la

imaj atik la

24 novanm 2025   Neuvième Junior   585

An deplasman lakay Al-Duhail nan estad Abdullah bin Khalifa Stadium lan pou jwe 5èm jounen Ligue Des Champions Azyatik la, Al-Ittihad konnen yon move moman (4-2) anba men Adil Boulbina ak koyekipye li yo jodi a.


Anvan rankont sa ki te mete kataryen yo anfas mesye sawoudyen yo, analiz avan match te fè konnen Al Ittihad gen 61% chans pou l te fè viktwa kont yon ekip ki pako ka domine sezon an lakay li. Analiz sa te vini aprè yo te swiv 5 dènye match chak ekip yo ak gade kòman sa ye sou plan ofansif. Men nan moman rankont lan t ap jwe, klèb Kata montre sa ki sou papye a pa vle di anyen sou tèren.

Gras ak yon bon Adil ki pa t bezwen antre nan kare a pou fiziye gadyen jòn e nwa yo depi nan 5èm minit, mennen yon aksyon poukont li kote l retire Danilo nan boul pou fè yon double 33èm ak elimine yon advèsè nan 53èm minit pou make 3èm gòl pèsonèl li nan match la, pou te mete Al-Duhail (3-0). Aprè, Krzysztof Piatek 74èm te chwazi peze apse a pou wè kòman li kapab fè Tig yo mal plis. Men pou sove lonè Benzema 76èm e 83èm, te fè 2 gòl pou anpeche yo sòti ak 0 a.

Avèk yon bon mantalite, Internal Security Force yo chavire Tig yo (4-2) nan C1 Azyatik la. Konsa, koyekipye Marco Verratti yo montre fòs ki genyen lè yon ekip chwazi kolektif. Aprè defèt sa, klèb sawoudyen an okipe 8èm plas la pou aprè 5 jounen konpetisyon.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou