AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI SeleksyonNasyonal

SeleksyonNasyonal

Foutbòl fanm : 23 Grenadye konvoke pou demare premye faz eliminatwa Mondyal 2027 lan

imaj atik la

24 Novanm 2025   Jacky Chéry   478

Federasyon ayisyèn foutbòl lan pibliye jodi lendi 24 novanm 2025 lan lis 23 jwez Malou Quignette konvoke pou jwe premye match eliminatwa CONCACAF pou Mondyal 2027 lan. Yon lis ki pa gen okenn nouvo jwez ladan l.


6 jou anvan match sa jwe nan Bèlmopan, medam Grenadye yo kòmanse prepare yo pou rejwenn estaf teknik lan ki deja rive. Match sa ap jwe 30 novanm k ap vini la. Nan lis 23 jwez sa, genyen Claire Constant ak Roxanne Vilain ki retounen.

Defansè DC Power United lan ak jwez West Virginia University an pa t nan dènye rasanbleman ki te fèt Mawòk lan kote Ayiti te tonbe 3-0. Daprè Federasyon ayisyèn foutbòl (FHF), objektif medam yo se retounen nan Mondyal aprè patisipasyon yo nan edisyon pase an nan peyi Ostrali ak Nouvèl Zelann.

N ap note, genyen prezans Lourdjina Étienne ki pral gen pou fè premye zam li avèk medam Grenadye yo. Atakan FC Fleury an, ki te briye nan U-17 avèk seleksyon ayisyèn lan, ap jwe premye sezon li nan nivo pwofesyonèl.

Nan premye faz eliminatwa sa, Ayiti twouve l nan gwoup D an avèk Sirinam epi Repiblik dominikèn k ap ranfòse yo seryezman nan lide pou pran premye plas lan k ap ba yo dwa al jwe dènye faz lan. Beliz k ap resevwa medam ayisyèn yo 30 novanm k ap vini la egalman nan gwoup sa.


Lis jwez yo :

Gadyèn
Kaïna César Pietrus
Mahé Lee Caron
Elieka Gabriel

Defansè

Tabita Joseph
Betina Petit-Frère
Jennyfer Limage
Amandine Pierre-Louis
Jasmine Vilgrain
Chloé Joseph
Claire Constant
Roxanne Vilain

Mitan tèren

Maudeline Moryl
Dayana Pierre-Louis
Anyssa Ibrahim
Sherly Jeudy
Melchie Dumornay

Atakan

Chelsea Domond
Nerilia Mondésir
Roseline Eloissaint
Batcheba Louis
Lourdjina Étienne
Darlina Joseph
Joséphine Vanuxeem.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou