Depi sezon an kòmanse nan SPL la, gen 3 nan klèb dominan yo ki pako janm koule menm yon fwa. Pami yo, Al Ahli se youn ki menm si li souvan kontre difikilte, pa lache anfas advèsè yo. Nan 9èm jounen an, elegan yo sove yon match (2-1) kont Al-Qadsiah atout yo te redwi ak 10 e anrejistre premye viktwa lakay yo pou sezon an nan SPL la.

Byen bonè nan yon rankont ki te rich ak yon bèl foutbòl ant 2 fòmasyon yo, klèb wayal la te make gòl depi nan 6èm minit. Pou bay repons ak Al Ahli, advèsè a te eseye tout fason posib men pòtye senegalè a pa t lese baryè lib. Men nan pwovokasyon jwè Al-Qadsiah yo, Ziyad Al-Johani te oblije kite rankont lan paske li te bay Otavio yon kout koud nan pwatrin. Tout sa rive fèt nan premye peryòd la.
Redwi ak 10 Kont 11 pou dezyèm peryòd la, vizitè yo te pran inisyativ match la nan fason yo te vin domine Franck Kessié ak koyekipye li yo. E kòm fwi dominasyon sa, Al-Qadsiah te jwenn egalizasyon an nan 64èm minit. Men san pèdi tan, ansyen jwè FC Barcelone lan te tann 66èm pou tiye espwa konkiran yo aprè yon bèl frap ki al fini kous li nan filè a.
Gras ak viktwa (2-1) sa elegan yo fè devan piblik yo, pèmèt yo fè premye viktwa lakay yo nan estade Roi-Abdullah apre 3 rankont yo fè ap resevwa nan chanpyona Arabi Sawoudit la. Yon lòt kote, Al Ahli rete sou 10 match san defèt nan SPL la.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou