Steeven Saba ki fèt nan dat 24 fevriye 1993 te deja pase nan klèb Violette AC a fè gran retou l pou diskite chanpyona nasyonal la, Violette Athletic Club prezante piblikman Steeven Saba kòm nouvo jwè l pou sezon 2025-2026 la nan Ligue Haïtienne Football.
Jwè a ki gen 32 lane kounye a te fè yon bèl Gold Cup nan lane 2019 ak seleksyon ayisyèn lan. Apore bèl Gold Cup sila a jwè a te siyen nan klèb Impact de Montréal nan peyi Kanada. Yon wout ki pa t kenbe akoz pwoblèm fizik jwè a t ap konfwonte ki te anpeche l pwouve l nan klèb sa, nan epòk la ansyen atakan fransè a Thiery Henry t ap antrene.
Pou kounya jwè a pral gen pou defann koulè Violette AC nan LHF la.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou