Depi kèk jou, rezo sosyal ak medya entènasyonal yo te bay yon enfòmasyon cho : Larisi ta vle òganize yon “Koup Dimond Altènatif” an 2026, menm dat ak Mondyal FIFA a. Men, an reyalite, dosye a pi konplike pase sa anpil moun te kwè. Men kisa ki kache dèyè rimè sa yo, kisa ki verite?
Depi yo te fin anvayi Ikrèn nan lane 2022, Larisi anba gwo sanksyon espòtif. FIFA ak UEFA mete peyi a deyò nan tout konpetisyon entènasyonal, kit se Mondyal, Euro, Lig Nasyon yo oswa Lig Klèb yo. Sa vle di : Larisi pa ka patisipe nan Koup Dimond 2026 la. Klèb ris yo pa ka jwe nan ni Champions League ni Europa League ni Conférence League.
Sanksyon sa yo mete Larisi nan yon pozisyon izole, kote li vle montre li toujou gen pwa nan espò mondyal la, malgre presyon politik yo.
Plizyè medya tankou : La Derecha Diario, 365Scores, epi plizyè paj enfòmasyon sou Twitter/X, te pibliye enfòmasyon sa : Larisi ta planifye yon tounwa ant 8 a 12 peyi ki pa kalifye pou Mondyal 2026 la.
Ekip yo te site yo se te : Sèbi, Lagrès, Chili, Pewou, Venezyela, Nijerya, Kameroun, Lachin, Ameni, elatriye. Match yo ta dwe jwe nan 4 estad ris.
Objektif la se atire atansyon mond lan sou sanksyon yo, fè Larisi reprann plas li nan diplomasi espòtif la epi fè presyon sou FIFA pou montre peyi a pa izole nèt.
Nan yon epòk kote FIFA fè presyon politik, yon “Mondyal altènatif” t ap yon fason pou Larisi di : “Nou p ap tann pèmisyon pèsòn pou n pratike espò.” Sa a eksplike poukisa rimè yo t ap sanble kredib pou anpil moun.
Federasyon Foutbòl Ris la (RFС) fè yon deklarasyon ofisyèl : “Pa gen okenn pwojè konsa. Pa gen okenn Mondyal altènatif. Enfòmasyon sa yo pa vre.”
Federasyon an avanse pou di yo pa t voye okenn envitasyon bay okenn nasyon. Pa gen okenn dosye ofisyèl sou tab FIFA oswa UEFA. Yo p ap travay sou okenn tounwa ki ta ka fèt pandan dat Mondyal la (11 jen-18 jiyè 2026). Se yon demanti ki fèmen pòt rimè yo sèk.
Plizyè medya kouri ak nouvèl la san verifikasyon. La Derecha Diario te premye ki pibliye li. 365Scores ak lòt paj enfòmasyon foutbòl repwodui li. Rezo sosyal yo rann dosye a viral, san okenn sous ofisyèl. Se konsa enfòmasyon an te vin parèt kòm yon plan reyèl, poutan li te jis yon espekilasyon medya.
Aprè tout bri, tout analiz, tout debalaj, reyalite a senp : Larisi toujou anba sanksyon FIFA ak UEFA. Peyi a pa ka patisipe nan Mondyal 2026 la. Pa gen okenn Mondyal paralèl ki pral fèt. RFС demanti rimè yo nèt. Rimè sa yo te jwenn fòs paske yo te mache ak konjonkti politik la, men yo pa gen okenn baz reyèl.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou