Ekip Baltimore SC a te byen demare faz pleyòf yo avèk yon bèl viktwa nan premye jounen an. Pou 2 lòt jounen yo kawoutchou Baltimore SC pran flit, 1 defèt ak nil.
Chanpyona nasyonal la ap rapousib wout li. Twazyèm jounen faz gwoup la deja kòmanse. Ekip Baltimore SC a ki gen non jwèt 4×4 poko konn kote li gad. Si nan premye jounen an bagay yo pa t pi mal pou yo lè yo te sòti ak yon viktwa 2-0 sou Racing FC, bagay yo makawon pou yo nan 2 lòt jounen yo.
Nan dezyèm jounen yo a, Baltimore SC te tonbe fas Tempête FC 1-0 nan kad 102èm dèbi senmakwa a. Pou 3èm jounen an, Ernso Datus fè yon match nil 1-1 kont ekip FICA a.
Aprè 3 jounen, sou 9 pwen posib nan pleyòf la Baltimore SC pran sèlman 4 pwen. Sitiyasyon an ki pa fin nòmal pou ekip Ernso Datus la.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou