ALMAYBundesligaBundesliga2DFB-PokalLòt
AKÈY ALMAY Bundesliga

Bundesliga

Marie-Louise Eta fè listwa nan Bundesliga : yon fanm ki kraze tout baryè nan foutbòl Ewopeyen an

imaj atik la

12 avril 2026   Steve Pierre   1145

Nan laj 34 lane sèlman, Marie-Louise Eta ap ekri non li an lèt majiskil nan listwa foutbòl la. Antrenè alman sa a vin premye fanm ki pral dirije yon ekip gason nan Bundesliga a, e menm nan tout senk (5) gwo chanpyona Ewopeyen yo. Yon etap istorik ki make yon gwo chanjman nan mond espò a.


Nan dat 11 avril 2026, aprè yon defèt (3-1) kont Heidenheim pandan 29èm jounen chanpyona an, klèb Union Berlin an pran yon gwo desizyon : yo revoke antrenè a, Steffen Baumgart, epi yo mete Marie-Louise Eta kòm antrenè jouk nan fen sezon an.

Desizyon sa a fè li vin premye fanm nan listwa Bundesliga a ki pran tèt yon ekip gason kòm antrenè prensipal. Men plis toujou, li antre nan listwa kòm premye fanm ki pral dirije yon ekip nan 5 pi gwo lig Ewopeyen yo.

Anvan li rive nan nivo sa a, Marie-Louise Eta te konstwi yon bon karyè kòm jwè. Li te jwe kòm milye teren pou plizyè klèb nan Frauen-Bundesliga a tankou FFC Turbine Potsdam ak Werder Bremen.

Eksperyans sa yo te pèmèt li devlope yon bon vizyon sou jwèt la, sa ki ede li pita nan metye antrenè a.

An 2023, li te deja frape fò lè li te vin asistan antrenè bò kote Marco Grote nan Union Berlin. Sa te fè li vin premye fanm ki okipe pòs sa a nan Bundesliga gason an, epi tou premye fanm nan yon estaf teknik ki jwe nan UEFA Champions League la.

An 2024, li te franchi yon lòt etap ankò lè li te pran tèt ekip la pou yon match Bundesliga pandan absans antrenè prensipal la, Nenad Bjelica, ki te anba sanksyon. Sa te deja yon siy ki te montre li te sou wout pou fè listwa.

Jodi a, non Marie-Louise Eta depase limit Almay. Li vin yon senbòl pou tout fanm ki ap chèche plas yo nan espò, espesyalman nan foutbòl gason kote baryè yo toujou wo.

Siksè li montre klèman kapasite pa gen sèks. Avèk travay di, disiplin ak konpetans, li posib pou rive nan tèt la, menm nan domèn ki te toujou rezève pou gason.

Marie-Louise Eta pa sèlman yon antrenè ankò, li se yon pyonye. Sa li reyalize a ka louvri pòt pou anpil lòt fanm nan ane k ap vini yo.

Foutbòl la ap chanje, gras ak moun tankou li, listwa a ap ekri yon lòt jan.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )