AYITI   PremyeDivizyon   DezyemDivizyon   SeleksyonNasyonal   Ekspatriye   Lòt  
AKÈY AYITI PremyeDivizyon

PremyeDivizyon

Ernst Bouquet Dorfeuille pran direksyon teknik Vye Kòk Kapwa a

imaj atik la

18 oktòb 2026   Gamarck Antoine   606

ASC anonse nan yon pòs Ernst Bouquet Dorfeuille se nouvo direktè teknik ekip la, yon nouvo kolaborasyon ki make yon etap nan preparasyon ekip la pou sezon 2026-2027 la.


Nan yon mesaj piblik, klèb kapwa a swete nouvo direktè teknik li a byenvini, pandan li eksprime volonte pou kolaborasyon sa chita sou ekselans, rigè ak gwo anbisyon espòtif.

Ernst Bouquet Dorfeuille ki rive nan ekip la reprezante yon nouvo opòtinite pou Vye Kòk Kapwa a kontinye travay sou estrikti teknik li epi pousuiv objektif li yo.

« Ansanm, ann ekri yon nouvo paj nan istwa nou », se mesaj klèb la voye nan okazyon nouvo kolaborasyon sa.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou