AYITI   PremyeDivizyon   DezyemDivizyon   SeleksyonNasyonal   Ekspatriye   Lòt  
AKÈY AYITI Lòt

Lòt

Poutèt deklarasyon Wilson Isidor a, yo frape Violette AC ak yon gwo desizyon anvan match retou a

imaj atik la

18 oktòb 2026   Gamarck Antoine   270

Match retou demifinal Koup Karayib CONCACAF 2026 la ant Violette AC ak Portmore United p ap jwe madi 20 oktòb la jan sa te prevwa. Desizyon sa vini nan yon kontèks tansyon ant Ayiti ak Repiblik Dominikèn, aprè deklarasyon entènasyonal ayisyen Wilson Isidor te fè sou viktwa seleksyon ayisyen an kont Repiblik Dominikèn nan Ligue des Nations CONCACAF la.


Otorite dominiken yo te fè konnen yo pa vle ekip ayisyen yo jwe nan enstalasyon espòtif peyi a. Pozisyon sa vin pran plis fòs aprè kèk sektè politik nan peyi a te mande pou yo pa otorize Violette AC resevwa Portmore United sou tè dominiken an, akoz deklarasyon Wilson Isidor a.

Nan sitiyasyon sa, CONCACAF mande pou Violette AC jwenn yon lòt lokalite pou òganize match retou a. Kounye a, klèb ayisyen an ap gen pou l kominike nouvo kote rankont lan ap dewoule ,ansanm ak dat ki pral fikse pou match la.

Nan premye manch demi final la, Portmore United te bat Violette AC 3-1 nan Jamayik. Ekip ayisyen an ap bezwen yon gwo pèfòmans nan match retou a pou l eseye ranvèse sitiyasyon an epi jwenn tikè kalifikasyon pou final konpetisyon an.

Pou kounye a, tout atansyon rete sou desizyon k ap pran konsènan òganizasyon match retou sa, ki reprezante yon gwo defi pou Violette AC nan Koup Karayib CONCACAF la.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou