AS Capoise anonse, nan aswè dimanch 18 oktòb 2026 la, antrenè Ernso Datus rantre nan fanmi jòn ak nwa yo. Klèb kapwa a konte sou ekspètiz ak kapasite lidèchip nouvo antrenè a pou ede Vye Kòk Kapwa yo atenn objektif yo sezon sa.
Nan mesaj akèy li a, AS Capoise swete Ernso Datus byenvini epi eksprime volonte pou kolaborasyon sa a pèmèt ekip la rive nan piwo nivo nan konpetisyon yo.
« Ansanm, n ap genyen» Se mesaj klèb la voye pou make vini nouvo antrenè li a.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou