ARABISaudiProLeagueArabCupSaudiCupLòt
AKÈY ARABI SaudiProLeague

SaudiProLeague

SPL: KB9 ak Al Ittihad sòti vivan malgre yo te an mwens

imaj atik la

23 novanm 2025   Neuvième Junior   531

Anvan senkyèm jounen Ligue Des Champions des Azyatik la lanse demen lendi a, Al Ittihad ki angaje l nan konpetisyon sa sòti vivan nan 9èm jounen Saudi Pro League la kont Al Riyad (2-1). Men nan rankont sa, Tig yo asiste ak ekspilsyon youn nan meyè jwè moman yo gen nan efektif la ki se Moussa Diaby.


Anvan senkyèm jounen Ligue Des Champions des Azyatik la lanse demen lendi a, Al Ittihad ki angaje l nan konpetisyon sa sòti vivan nan 9èm jounen Saudi Pro League la kont Al Riyad (2-1). Men nan rankont sa, Tig yo asiste ak ekspilsyon youn nan meyè jwè moman yo gen nan efektif la ki se Moussa Diaby.

Pandan match sa, Al Ittihad ki te gen avantaj tèren an, te eseye konstwi jwèt pou kapab domine advèsè yo. E gras ak dominasyon sa, Karim Benzema te byen konbine ak Moussa pou kreye sansasyon epi jwenn ouvèti eskò a sou yon bèl sant elye a te depoze sou tèt li. Gòl sa atakan fransè a make a, pèmèt li rejwenn wout kan pou yon lòt fwa aprel te fin make 3 gòl nan ouvèti chanpyona a.

Toujou ak menm volonte pou domine Al Riyad la, jòn e nwa yo te vinn jwenn avantaj 2-0 gras ak yon otogòl depi nan premye peryòd la ki te fini (2-0) an favè ekip lokal la. Nan dezyèm peryòd la, Al Ittihad te kontinye tante pou mete sa pi grav, malerezman pou yo, Moussa Diaby te konpòte l yon fason ki pa t ditou reponn ak prensip foutbòl la.

Akoz yon kout san ki fè l frape yon jwè nan vizaj, abit la te pase l yon katon wouj pou vye konpòtman sa. Konsa, Tig yo te oblije fin jwe rankont lan ak 10 kont 11 e sibi rediksyon eskò a nan 77èm minit. Malgre tout efò advèsè a te fè, yo pa t rive anpeche KB9 ak koyekipye li yo fè viktwa (2-1) pou 9 rankont yo nan SPL la.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou