Wikenn ki sot pase an se te okazyon pou premye tou federal Coupe de France. Le Mans FC pwofite pou fè yon laminnen Boulogne Billancourt AC (11-0) kote Anyssa Ibrahim enskri youn nan gòl yo.
Mitan tèren ayisyèn lan k ap reprann foutbòl li tipa tipa, patisipe nan bèl fèt sa kont Boulogne Billancourt AC k ap evolye nan nivo rejyonal. Anyssa Ibrahim enskri gòl li a nan 75èm minit.
Jwez ayisyèn 26 lane an ki te kòmanse sou ban, te rantre nan 61èm minit, nan yon moman Le Mans te deja ap mennen 8-0.
Anyssa Ibrahim ki jeneralman titilè avèk Le Mans FC nan Seconde Ligue lan enskri nan okazyon sa dezyèm gòl li sou koulè nouvo klèb li an. Grenadye an t ap evolye avan sa nan Club Albergaria ki t ap evolye sezon pase nan premye divizyon Pòtigal.
N ap raple, Anyssa Ibrahim ta dwe rejwenn seleksyon nasyonal ayisyèn lan pandan semèn lan pou jwe premye faz eliminatwa CONCACAF pou mondyal feminen 2027 lan.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou