Depi kòmansman sezon an, En Avant Guingamp pa sispann fè move rezilta. Yo menm ki dènye nan klasman Seconde Ligue lan, elimine jodi dimanch lan nan Coupe de France kont Stade Rennais FC.
Nan premye tou federal Coupe de France lan, En Avant Guingamp tonbe nan seyans chout penalite (2-3) kont Stade Rennais aprè yon match chaje gòl ki fini 4-4 nan tan reglemantè an.
Malgre Betina Petit-Frère te titilè sou bò dwat defans lan, En Avant Guingamp pa t rive metrize atak medam Rennes yo ki te montre yon efikasite sou pratikman tout aksyon yo te jwenn yo.
Chelsea Domond ki te rantre nan 60èm minit match la, pa t rive redrese sitiyasyon an malgre En Avant Guingamp te reyisi pran avantaj lan nan eskò an 8 minit aprè. Match lan fini nan seyans chout penalite nan avantaj medam Rennes yo.
N ap note, aprè 7 jounen nan Seconde Ligue lan, En Avant Guingamp genyen yon sèl grenn pwen. Yon sitiyasyon konplike pou 2 entènasyonal ayisyèn nou yo ki riske wè ekip yo an desann nan twazyèm divizyon.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou