AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI PremyeDivizyon

PremyeDivizyon

Yon rankont tèt chaje ant Don Bosco ak America des Cayes

imaj atik la

22 novanm 2025   Neuvième Junior   728

Demen dimanch lan, Land des Gabions pral chofe ak yon gwo randevou pou 3èm jounen chanpyona nasyonal la. Nan gwoup Sid la, America des Cayes ki pako ka fè viktwa, ap tann youn nan klèb kapital la Don Bosco pou jere twazyèm sòti yo pandan y ap espere yon premye viktwa.


Demen dimanch lan, Land des Gabions pral chofe ak yon gwo randevou pou 3èm jounen chanpyona nasyonal la. Nan gwoup Sid la, America des Cayes ki pako ka fè viktwa, ap tann youn nan klèb kapital la Don Bosco pou jere twazyèm sòti yo pandan y ap espere yon premye viktwa.

Si nan 2 premye jounen yo, kayen yo sibi yon defèt fas Violette AC epi konnen yon match nil fas Cavaly A.S, ebyen moman rive pou yo chache premye viktwa yo nan konpetisyon an. Pou sa, pwoteje Merard Frantz yo pral konte sou retou Rhau Widmarck ki ap pran chimen tèren aprè l te rate 2 premye jounen yo. Ak vizyon li genyen nan jwèt sa, America gen posiblite pou jwenn yon bon oganizatè anndan tèren an.

Don Bosco ki ap oblije jwe rankont sila san prezans antrenè adjwen klèb la, Erickson Celeste aprè yon katon wouj li te pran. Pral kouri dèyè premye viktwa yo nan chanpyona a. Pou premye sòti yo fas Violette AC, mechan mechan yo te separe pwen an anvan yo te kase dan yo kont chanpyona an tit la Juventus des Cayes.

Demen dimanch lan, 2 ekip sa yo ki pako konn gou viktwa, pral gen pou eseye tout sa ki posib pou wè kòman viktwa kapab vini. Klèb kapital la ki te glise sou tèren Land des Gabions an wikenn pase, dwe fè sa ki posib pou evite yon dezyèm glisad afile sou menm tèren sa.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou