AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI SeleksyonNasyonal

SeleksyonNasyonal

Allan Saint-Maximin mete fen nan tout rimè ki ta fè kwè li se Ayisyen yo

imaj atik la

24 Novanm 2025   Jacky Chéry   490

Alòske tout laprès t ap prezante li dènye jou sa yo kòm youn nan ranfò ki kapab vin entegre seleksyon nasyonal ayisyèn lan pou Mondyal 2026 lan, Allan Saint-Maximin reyaji pou klarifye kesyon sa.


Nan yon piblikasyon sou X, atakan fransè Club America konfime li pa gen okenn lyen san avèk Ayiti. Allan Saint-Maximin presize paran li yo sòti pito Gwadloup ak Giyàn.

Ansyen jwè Newcastle lan ki te tou pwofite felisite ekip nasyonal Ayiti an, fè konnen pa gen okenn pwojè pou l ta rejwenn seleksyon nasyonal ayisyèn lan, ki kalifye pou yon faz final Koup Dimond pou dezyèm fwa nan istwa l.

Allan Saint-Maximin retire chapo devan Grenadye yo ki te bay tout yo menm pou kalifikasyon istorik sa. Atakan fransè 28 lane an mande pou pa melanje jwè yo nan tout rimè k ap sikile yo.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou