Aprè yon bèl ete kote anpil chanjman fèt nan gwo potanta yo ak anpil transfè sipriz, chanpyona italyen an ap demare wikenn sa. Yon chanpyona k ap gen 38 jounen boul sòti 23 dawout 2025 pou rive 24 me 2026.
<b>Èske Napoli ap ka defann tit chanpyon yo a?
Depi sezon 2018/2019 ak 2019/2020 pa gen okenn ekip ki reyisi chanpyon Serie A a de (2) sezon afile. Napoli, chanpyon an tit la toujou gen Antonio Conte, yon ekspè nan chanpyona a, kòm antrenè e yo favori pou tit la sezon sa tou.
Ekip la ap demare chanpyona a lakay Sassuolo ki apèn tounen nan Serie A a. Men pwoblèm yo se Romelu Lukaku, meyè bitè yo sezon pase a, ki blese pou yon bon ti tan epi pa ko gen ranplasan pou li. Sepandan tout je pral brake sou Kevin de Bruyne ki te vini nan ekip la gratis pandan mèkato ete a. Èske mayestwo a ap ka ede yo fè "back-to-back" la? N ap kòmanse jwenn eleman repons yo depi jodi a.
Yon nouvo filozofi pou Inter?
Aprè yon sezon gaspiye kote yo te sou twa tablo nan mwa me san yo pa rive pran okenn tit, Simone Inzaghi te deside kite tèt kite ekip la. Kounya se yon ansyen kay la, woumen an, Christian Chivu, ki se antrenè Inter.
Eskèlèt ekip la toujou menm: Laurotaro Martinez, Niccolò Barella, Marcus Thuram, Yann Sommer, Denzel Dumfries, Hakan Çalhanoglu, Federico Di Marco, Alessandro Bastoni, Francesco Acerbi...tout la. Men èske Chivu ki pa gen anpil eksperyans nan wo nivo a ap ka motive jwè yo epi fè ajisteman taktik ki ka bay tit? Inter ap resevwa de (2) premye match li yo. Petèt sa ap bay yo konfyans.
Allegri tounen nan Milan. Kisa sa pral bay?
Massimiliano Allegri tounen nan Milan pou sezon sa e Milan te ekip ki pi aktif an Itali sou mache transfè a. Yo vann oswa voye ale plis pase 12 jwè e yo deja anrejistre 7 nouvo jwè, pami yo Luka Modrić, ansyen patwon mitan tèren Real Madrid la. Se yon nouvo ekip ak yon ansyen antrenè, èske se solisyon an sa pou Milan?
Ekip Allegri a ap resevwa US Cremonese, yon ekip ki apèn monte nan elit la. Men se ap san Rafael Leão ki te blese nan match Coppa Italia wikenn pase a.
Yon Juventus serye kounya?
Igor Tudor ki abitye ak Serie A a se nouvo antrenè sa ki vin ranplase Thiago Motta nan tèt Bianconeri yo. Ekip la gen yon atak jèn ak nouvo jwè yo a Johnathan David mete sou Kenan Yildiz ak Francisco Conceição.
Pandan Koup Dimond klèb yo ak presezon an ekip la te "mi-fig mi-rezen". Èske yo pral retire dout fanatik yo depi premye jounen an? Y ap gen chans pou fè sa sou tèren yo kont Parma.
E si AS Roma kreye sipriz?
Ekip Roma a pa chanpyon depi sezon 2000/2001. Efektif yo gen kounya a pa bay okenn endikasyon yo pral fè sa sezon sa. Men ak yon antrenè ki gen kalite ak eksperyans, se sou tèren n ap konnen.
Giallorossi yo gen nan tèt yo kounya Gian Piero Gasperini, ansyen antrenè Atlanta a. Nou konnen ki mirak li te opere ak ekip Bergame a ki pa t gen mwayen, èske se ap yon sipriz si l fè mèvèy ak AS Roma?
As Roma ap resevwa FC Bologna pou premye jounen an.
Men pwogramasyon premye jounen an:
Genoa vs Lecce (Samdi 12:30)
Sassuolo vs Napoli (Samdi 12:30)
Milan vs Cremonese (Samdi 14:45)
Roma vs Bologna (Samdi 14:45)
Cagliari vs Fiorentina (Dimanch 12:30)
Como vs Lazio (Dimanch 12:30)
Atalanta vs Pisa (Dimanch 14:45)
Juventus vs Parma (Dimanch 14:45)
Usinese vs Hellas Verona (Lendi 12:30)
Inter vs Torino (Lendi 14:45)
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou