Nan mwa jiyè 2025 lan, Kevin De Bruyne te pran desizyon pou reponn ak apèl klèb Napoli a. Aprè pasaj bèlj la anndan ekip Manchester City a, li chwazi bay tèt li yon lòt defi nan peyi Itali.
Pou ouvèti Serie A a, milye tèren Bèljik la te prezan nan 11 Antonio Conte te mete pou jwe kont Sassuolo a. Gras ak kalite li kòm jwè, Kevin patisipe nan viktwa klèb la pandan li make premye gòl li nan chanpyona italyen an ak nouvo klèb li.
Nan 90 minit li jwe, ansyen jwè Manchester City a fè yon gòl nan 66 balon li te gen chans touche nan rankont jodi a. Toujou nan menm kontèks la, De Bruyne bay 50 pas ki reyisi sou 58 tante. Enpresyonan nan match la, Kevin deja poze anpwent li depi nan lanse a, e lè nou konnen kalite jwè a, nou kapab atann ak anpil bagay tout fwa li pa ta rankont difikilte paske sezon an long.
Rankont sa ki te mete Sassuolo fas Napoli fini (2-0) an favè chanpyon an tit yo. McTominay ak De Bruyne se bitè rankont lan. Sassuolo kote pal fin jwe match la ak 10 kont 11.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou