Nan dènye match premye jounen Serie A a, Inter te gen randevou ak Torino nan Giuseppe Meazza a. Inter Kraze ekip tiren an 5-0 gras ak Bastoni, Thuram, Lautaro ak Ange-Yoan Bonny.
Pou premye match ofisyèl Christian Chivu nan tèt ekip la, Inter montre yon bèl figi kont yon advèsè ki konn bay pwoblèm. Alessandro Bastoni se premye bitè yo sezon sa sou yon kout tèt nan yon kònè nan 18èm minit match la. Marcus Thuram nan 35èm minit te make gòl 2-0 a e se konsa premye mitan an te fini.
Byen bonè nan dezyèm mitan an Lautaro Martinez pwofite yon piyay defans Torino a pou takle balon an nan filè pou twazyèm gòl Inter la. Anviwon 10 minit aprè, Marcus Thuram make ankò sou yon bèl kout tèt pou 4-0 a (62').
Pou fini fèt la, Dumfries, Mkitharyan, Lautaro ak Ange-Yoan Bonny ki fini aksyon an, fè koukouwouj sou defans Torino a pou make gòl 5-0 a nan 72èm minit match la. Bonny se yon nouvo jwè pou ekip la ki t ap jwe premye match li e li te ranplase Marcus Thuram nan 66èm minit.
Gwo viktwa sa tou bay Inter tèt klasman chanpyona a pou diferans gòl.
Nan lòt match anvan sa nan jounen an Hellas Verona te fè 1-1 kay Udinese. Se Thomas Christensen ki te ouvè eskò a nan 53èm minit pou Udinese epi Suat Serdar te egalize nan 73èm pou Hellas.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou