Sou mayo Nòvèj la, atakan Erling Haaland fè ravaj. Jwè Manchester City a make ankò ak seleksyon li e fwa sa se plizyè gòl. Avèk yon kentiple kont Moldavie (11-1) ayè madi a pou match kalifikasyon mondyal la, Haaland mete yon rekò ki san parèy pandan syèk sa.

Pou 25 lane, nòvejyen an ki gentan konte 45 seleksyon pase kontè l ak 48 gòl. Haaland rive make 5 gòl nan yon match pou yon twazyèm fwa nan karyè l. Se yon rekò paske nan 21èm syèk la pako gen yon jwè ki rive make pou pi piti 3 kentiple.
Anvan Haaland te reyalize eksplwa sa pandan 2 fwa ak Citizens yo kont RB Leipzig (7-0) nan dat 14 mas 2023 nan Ligue des Champions, e Luton Town (6-2) 27 fevriye 2024 nan FA Cup. E yè skandinav la fè sa ankò pandan masak yo fè 11-1 sou Mòldavi.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou