AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI Lòt

Lòt

LIPOFU : Yon dezyèm jounen krake, Gilot Christopher, Delva Stanley ak Chrisley fè gwo koze

imaj atik la

23 novanm 2025   Steve Pierre   609

Dezyèm jounen Ligue Port-au-Princienne de Futsal la te chaje ak aksyon san rete, kote plizyè match fini ak anpil gòl. Kèk ekip voye yon gwo siyal bay advèsè yo. Fanatik yo te satisfè ak pèfòmans tèt chaje jwè tankou Bien-Aimé Chrisley, Gilot Christopher ak Delva Stanley.


Ekip Flambeau AC a fè yon gwo viktwa (7-4) sou FC BèL Efò a. Nan yon match kote atak te domine defans. Gwo atakan an, Gilot Christopher, ki te nan yon gwo jou, fè kat (4) bèl gòl poukont li (6', 15', 23', 38') epi li jwenn tit MVP a match la. St Juste Wislet ajoute twa (3) lòt gòl pou Flambeau (11', 13', 20'), yon fason pou asire viktwa a. Bò kote FC Bèl Efò, Guillaume Wood P. te eseye ak twa (3) gòl li yo (9', 14', 30') epi Gedeon Stephayder mete yon dènye gòl nan 34èm minit, men sa pa t mache.

Santos FCF sou bò pa l pran yon viktwa (5-3) sou FC 24. Nan yon rankont kote talan yo te fè diferans lan. Amede Peterson mete de (2) gòl enpòtan (13', 35') e li te tou jwenn tit MVP a pou pèfòmans li. Jules Dinalson (6') ak Jn Francois Vladimir (29' ak 31') fini travay la pou Santos. Pou FC 24., Clervil John Kelly (5'), Clervil Peterson (16') ak Auguste John Verly (18') fè twa (3) gòl yo men sa pa t sifi.

IZI TEAM domine BWA KAYIMAN FC. nan yon match ki te yon vrè festival gòl, kote eskò a fini (9-6). Bien-Aime Chrisley fè kat (4) gòl (12', 24', 25', 38') li tou jwenn tit MVP a pou efikasite li. ST Cyr Jonathan (1'), Francois Andy Maiko (2'), Signifis Kervens ( 2 gòl nan 9' ak 39') ak Charles Carlens (29') te make rès gòl yo pou bay IZI TEAM yon bèl viktwa. Pou BWA KAYIMAN FC, John Carl Rigaud (3'), Laneus Philippe (twa gòl nan 4', 33', 36'), Cazeau Yvon (19') ak Balthazar Lens (35') te eseye kenbe tenmpo a, men yo te rive koule.


ADJ FC bay AFC DELMAS yon gwo koreksyon (7-0) nan match kote defans AFC DELMAS a te san repons. Delva Stanley se te sipèsta match la ak kat (4) gòl li yo (13', 15', 22', 35') epi li jwenn tit MVP a. Francois Ashley (9') ak Etienne Steeven (2 gòl nan 29' ak 39') ajoute rès gòl yo, yon gwo kokennchenn viktwa ki voye yon mesaj bay tout lòt ekip yo.

Apire 41 gòl ki make pandan sèlman kat (4) match nan jounen sa a, Gymnasium Ayiti Cheri a te jwenn bon jan vibrasyon ak kè kontan. Fanatik yo gen tout rezon pou yo kontan ak espektak la. Randevou a kase pou wikenn k ap vini an pou 3èm jounen LIPOFU a.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou