Nan match avanse ouvèti 6èm jounen Saudi Pro League la, Al Hilal fè deplasman lakay Al-Ittihad pou match chòk jounoe sa. Rankont sa ki jwe nan Alinma Stadium lan, fini an favè vizitè yo (0-2) ki mete do Tig yo atè.

Anvan match jodi a, de dènye konfwontasyon ki te genyen ant 2 fòmasyon sa yo, te wè Al-Ittihad pase ble yo yon rakle 4-1 ak yon match nil 2-2. Pou chanje sitiyasyon an, Al Hilal ki gen nan tèt li ansyen antrenè Inter Milan an, chavire advèsè a pou kontinye pwogrese pou sezon an aprè yo te mal kòmanse.
Avèk 5 viktwa nan senk dènye match klèb Riyad la jwe, Al Hilal te gentan pase favori san li pa t menm ko jwe match la. Ak yon atak ki pa manje anyen frèt nan SPL la, ekip la enpoze lwa viktwa yo sou Tig yo ki pa t kapab anpeche defèt la. Pou enflije yo pinisyon jounen an, se Mahamadou Doumbia 41èm kont kan li ak tiyè ekip la Marcos Leonardo 57èm minit ki koule bato jòn e nwa yo.
Etandone fòm Al Hilal nan moman parapò ak Al Ittihad, yo rive jwenn bout KB9 ak tout koyekipye li yo. Ruben Neves kote pa l fini meyè jwè rankont jounen an.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou