Antrenè espanyòl la Pep Guardiola fè 250èm viktwa l nan Premiere League la aprè viktwa yo 1-0 sou Brentford nan 7èm jounen Premier League la. Yon chif ki egal ak yon rekò.
Antrenè 54 lane espanyòl la Pep Guardiola sou 950 match nan karyè l depi lè l ap antrene, li deja fè 650 viktwa, 132 match nil ak 127 defèt selon Sofa Score.
Pou klèb Manchester City a l ap antrene depi 2016, li deja fè 543 match nan tèt yo daprè Transfermarkt.fr. Sou 543 match sa yo, li deja fè 389 viktwa, 69 match nil ak 85 defèt.
Viktwa 1-0 kont Brentford nan 7èm jounen Premier League la fè Pep Guardiola vini antrenè ki rive fè 250 viktwa pi rapid nan chanpyona anglè a. Anvan l se Alex Ferguson ki te fè l nan 404 match ak Manchester United epi Arsene Wenger kite fè l nan 423 match.
Antrenè espanyòl la rive bat rekò sa nan sèlman 349 match nan Premier League la.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou