Klèb anglè a ap konnen yon moman nwa depi nominasyon Ange Postecoglou nan tèt ekip la.
Antrenè ostralyen 60 lane a ki apèn pran tèt ekip Nottingham Forest la pa reyisi byen kòmanse nan tèt klèb la.
Ansyen antrenè Tottenham lan deja sou 6 match depi l pran tèt ekip Nottingham Forest la, li poko konn yon gou viktwa. Pandan ostralyen an nan tèt klèb la, li fè 2 match nil sou 6 match li jwe yo epi li pèdi 4.
Aprè defèt li kont ekip Midjylland lan 3-2 nan Europa League la, sipòte yo t ap chante kont antrenè a. Yo t ap mande pou yo voye Ange Postecoglou ale nan tèt ekip la.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou