Depi sèt janvye 2025, Aleksandar Mitrovič ki se atakan klèb Al-Hilal la, te kòmanse yon rankont fas Al-Ittihad. Lè sa, 2 ekip yo t ap defann biyè kalifikasyon pou demifinal Koup Diwa Arabi a. Nan match sa, atakan sèb la te konnen yon blesi ki te fè l oblije kite rankont lan depi nan 13èm minit.

Aprè blesi sa, estaf medikal klèb la te fè konnen jwè a genyen plizyè jou pou li pase deyò tèren epi rate plizyè match avèk ekip la.
Ayè vandredi a, nan kad 24èm jounen Saudi Pro League la, Al-Hilal te fè deplasman sou tèren Al-Fayha. Nan estad Roi-Abdullah à Buraydah, Aleksandar ak tout koyekipye li yo fè viktwa (0-2) lakay Al-Fayha.
Andan rankont jounen sa, ansyen jwè Fulham lan te retounen pile tèren nan 63èm minit pou ranplase Leonardo. E nan fen match la nan 89èm minit, Aleksandar Mitrovič jwenn wout kan pou te mete dezyèm gòl la pou ekip li a epi selebre retou li ak koyekipye l yo nan klèb la.
Avèk bèl retou sa, Al-Hilal ki te pèdi (0-1) lakay ekip Al Feiha nan match ale C1 azyatik la, ap genyen pou mete espwa sou pi bon bitè yo a nan match retou 8èmdefinal Ligue des Champions Azi a k ap genyen pou fèt madi 11 mas 2025 lakay yo.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou