AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI Ekspatriye

Ekspatriye

Kerly Théus retounen nan yon ansyen klèb li

imaj atik la

18 avril 2025   Benswilkenson Jean   438

Gadyèn seleksyon nasyonal la, Kerly Théus retounen ofisyèlman anndan klèb Miami City FC.


Fanm Grenadye a ki te kite klèb sa a nan lane 2023 retounen 2 lane aprè pou al tante yon nouvo eksperyans.

Gadyèn lan ki pa t gen klèb depi lè li te kite Miami Athletic Club (yon lòt klèb nan vil Miami an) nan lane 2024 la retounen nan ansyen klèb li nan menm vil sa a ki se Miami City FC.

Jwez la ki wè plas li ap vole nan seleksyon nasyonal la, pral rekòmanse foule tèren nan lespwa li ta kapab rejwenn gwoup seleksyon an ki gen plizyè match amikal enpòtan.

Golayiti swete Kerly Théus tout sa ki bon nan karyè l.

Telechaje aplikasyon GolAyiti a sou Appstore ak Playstore pou w ka genyen kontwòl kòman chanpyona a ap dewoule, klasman, eskò, elatriye...

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )