AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI Ekspatriye

Ekspatriye

Ricardo Adé pa rive anpeche LDU konnen yon fo pa

imaj atik la

15 Avril 2025   Neuvième Junior   413

An deplasman nan Estadio Olímpico de Riobamba, Ricardo Adé an bon sòlda te mennen ekip li afwonte Mushuc Runa pou match avanse 8èm jounen Liga Pro Serie A ekwatoryen an.


An deplasman nan Estadio Olímpico de Riobamba, Ricardo Adé an bon sòlda te mennen ekip li afwonte Mushuc Runa pou match avanse 8èm jounen Liga Pro Serie A ekwatoryen an.

Aprè viktwa LDU Quito te fè nan dezyèm jounen Copa Libertadores la lè yo te genyen Dep Táchira 2-0 a, klèb defansè santral ayisyen an tonbe ak ekip li (0-1) nan 8èm sòti yo nan peyi Ekwatè.

Malgre yon pèfòmans ki fè jwè a fini meyè jwè rankont lan selon Sofa Score, grenadye a pa t kapab anpeche ekip li pèdi match la nan fen match la ak yon gòl Miranda fè nan 90+3 minit pou rache 3 pwen an lakay li.

Sou fo pa sa, LDU Quito rate okazyon pou l ta okipe katriyèm plas klasman an ak yon match an mwens. Pou moman, Adé akonpanye ak koyekipye li yo pozisyone yo nan 8èm plas Serie A ekwatoryen an ak 11 pwen pou 7 match jwe.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou