Sezon pase, pou premye edisyon chanpyona nasyonal espesyal la, Juventus des Cayes ki nan zòn Sid la te twouve li nan yon pozisyon ki pa t fè afè yo ditou. Lè sa, anpil moun te wè yo kòm gangan k ap bay pwen jan nou abitye di l nan langaj kreyòl la.

Pou pote amelyorasyon aprè echèk pase an, klèb Juventus la pa rate okazyon pou vini ak anpil nouvo jwè epi amelyore travay yo pou yon meyè rezilta sezon an.
Nan lansman dezyèm edisyon CNE sezon 2025 lan, klèb Solo a gentan pran yon gwo desizyon pou montre volonte yo genyen pou franchi yon etap nan foutbòl ayisyen an. E gras ak travay tout ekip la ansanm ak estaf la, Juve rive jwenn yon rezilta ki montre travay la fèt malgre tout bagay pako fini.
Avèk 2 viktwa sou Cavaly A.S plis yon nil fas America des Cayes, Juventus des Cayes ki okipe premye plas gwoup Sid la ak 7 pwen, ap fè deplasman sou tèren Land des Gabions an dimanch 13 Avril la pou 4èm jounen chanpyona nasyonal espesyal la. Rankont sa ap konte pou match retou ant ekip yo e an menm tan dezyèm dèbi kayen an pou 2èm edisyon CNE a.
Ekip kolòs la kote pa l, rete sou 3 match nil pou 3 match li jwe, gen obligasyon pou li fè yon viktwa nan 4èm sòti li pou kapab espere pase ak 6 pwen nan do rival yo.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou