Ayè 9 avril 2025 lan, Ouanaminthe FC fè yon gwo anons: Jimmy Metellus, yon non ki pa etranje ak klèb la, vini ofisyèlman pran tèt ekip la kòm antrenè prensipal pou rès sezon an.
Aprè kèk jounen enstabilite sou plan teknik, Ouanaminthe FC deside mete konfyans li nan yon moun ki deja konnen kay la: Jimmy Metellus. Ansyen coach adjwen sa a, ki te deja fè pati estaf teknik la pandan plizyè lane, tounen kòm chèf antrenè prensipal, li te deja kòmanse pran kontwòl ekip la depi 8 avril pase a.
Nan yon piblikasyon sou paj ofisyèl Facebook ekip la, Ouanaminthe FC eksprime satisfaksyon li pou l retounen yon "lidè ki deja fè pati istwa ekip la", e ki demontre pasyon li pou devlopman jèn talan yo.
"Gras ak ekspètiz li epi pasyon l pou ankadre talan nou yo, Coach Metellus pare pou pèmèt Ouanaminthe FC ranpòte tit chanpyona nasyonal espesyal pou sezon sa a," se sa klèb la ekri ak anpil espwa.
Sa vin mete fen nan ak avanti Sylien Abdias nan tèt ekip la ki t ap jere ekip la depi revokasyon ansyen antrenè Basil. Kounye a, Metellus gen yon misyon klè: fè ekip la pran premye chanpyona li nan istwa l.
Jimmy Metellus pa gen tan pou pèdi. Premye gwo tès li, se match kont FICA aprèmidi a, a 4trè nan Parc Saint-Victor la, nan kad tounwa 75èm anivèsè radyo 4VEH la.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou