AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI SeleksyonNasyonal

SeleksyonNasyonal

Ayiti pral kontre ak yon pakèt gwo antrenè nan Gold Cup la

imaj atik la

12 avril 2025   Benswilkenson Jean   426

Seleksyon nasyonal la deja konnen advèsè li yo pou faz gwoup Gold Cup 2025 lan.


Grenadye yo ki tonbe nan gwoup D a gen pou kwaze Etazini, Arabi Sawoudit epi Trinidad sou wout li.

Twa advèsè Grenadye yo gen nan tèt yo yon seri antrenè ki gen eksperyans nan wo nivo foutbòl la sou kontinan ewopeyen an swa antanke jwè oubyen kòm antrenè.

Premye advèsè Ayiti se pral Arabisawoudit. Yon nasyon ki ap pran yon bon pwogresyon nan zafè foutbòl. Non sèlman chanpyona yo a gen yon bon nivo ak bon strikti modèn men tou antrenè ki nan tèt yo a se yon antrenè eksperyans ki gen yon bon pase. Non l se Hervé Renard li gen 56 lane. Li antrene divès peyi deja sitou sou kontinan afriken an ( Kotdivwa, Mawòk, Gana, elatriye). Li te rive antrene ekip Olympique Lyonnais a tou. Hervé Renard reyisi kalifye epi jwe Mondyal deja kòm antrenè sawoudyen yo deja. Match ki make mondyal karyè l se lè yo te bat Ajantin ak tout Lionnel Messi (2-1) nan faz gwoup Mondyal 2022 a. Antrenè fransè a te kite ekip la nan lane 2024 men li retounen yon ti tan aprè li te fè nan tèt seleksyon fanm peyi Lafrans lan. Depi lè li retounen nan seleksyon seleksyon an li deja jwe 9 match, li fè 4viktwa, 2 nil ak 3 defèt.

Dezyèm advèsè Ayiti se pral Trinidad. Seleksyon trinidadyèn lan se Dwight Eversley Yorke li gen 53 lane epi li se yon trinadyen. Li se ansyen atakan Manchester United (li chanpyon Champions League ak Reds Devils yo nan lane 1999), li chanpyon chanpyona anglè a 3 fwa ak yo tou. Li se ansyen jwè Aston Villa. Pakou l antanke jwè montre tout eksperyans li ka genyen kòm antrenè. Ak peyi l Trinidad, Yorke te jwe mondyal 2006 la ki se sèl fwa peyi l te rive patisipe nan yon mondyal. Dwight apèn pran tèt seleksyon an. Men sa ki yon ti kras kache potansyèl li sou ban kòm antrenè paske li poko gen tras nan metye sa.

Denyè match Grenadye yo se pral kont youn nan gran favori pou tit la ki se Etazini. Match sila ap konte pou dènye match nan faz gwoup la pou ble ak wouj yo. Antrenè ki nan tèt seleksyon amerikèn lan se yon antrenè mond foutbòl la abitye. Li antrene plizyè gwo klèb deja sou kontinan ewòp la. Non l se Mauricio Pochettino. Ansyen antrenè Tottenham, Paris Saint-Germain ak Chelsea, san bliye Espanyol de Barcelone ak Southampton. Sa ki moutre tout eksperyans antrenè ajanten 53 lane a. Ak peyi Donald Trump lan, Mauricio Pochettino deja dirije 6 match, li fè 4 viktwa ak 2 defèt.

N ap raple nan konpetisyon an Etazini deja chanpyon l 7 fwa deja. Sa ki montre tout efò Grenadye yo dwe fè pou genyen 2 premye match la pou nenpòt rezilta kont Ameriken yo ka pa enkyete yo.

Gwo non pa vle di bon taktik, dènye match amikal Grenadye yo te jwe a se te kont peyi Azèbadjan ki gen nan tèt li kòm antrenè Fernando Santos, chanpyon ewòp ak Pòtigal. Men Grenadye yo te imilye yo 3-0 sou pwòp tèren yo.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou