AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI PremyeDivizyon

PremyeDivizyon

Ann dekouvri Sinor Louibenn yon konbatan ki ap batay anndan teren Ouanaminthe FC a

imaj atik la

10 avril 2015   Gamarck Antoine   847

Nan yon entèvyou li bay GolAyiti mèkredi 9 avril la mitan teren ekip Ouanaminthe FC a , Sinor Louibenn ki gen ti non Casemiro te trase pakou l. Li pa kache kontantman l ak ekip li e montre anbisyon l pou avni l. Sinor te tou pwofite voye mesaj pou jèn ki vle vin foutbolè pwofesyonèl e li te pale konsènan pwochen jounen chanpyona espesyal la.


Li genyen 20 lane, li fèt nan lakou piyon, depi tou piti foutbòl se te pi gwo pasyon l, sa ki te pouse l entegre ekip piyon ki t ap jwe 3èm divizyon, Sinor te kite piyon pou al pase yon tès okap, li pa t reyisi l, li te oblije retounen pou al travay plis paske li kwè nan travay e li di kote l soti a yo pa t ap ka wè talan se travay pou l travay.

Yon zanmi te konseye l pou l rantre nan Nòdès nan lakou Wanament, nan yon ti match zanmitay li t ap jwe nan zòn kote li rete a, zanmi ki te vini ak li a te pale ak yon pwòch li ki se Gédéon Fredo ki te prezidan yon ekip 3èm divizyon Wanament te pale ak li pou vin gade Louibenn (Casemiro), ki t ap jwe. Prezidan ekip la te envite l , sa ki te fè li entegre ekip Classique de Ouanaminthe lan e kòmanse montre talan l, li te enpoze l e menm rive kapitèn ekip la. Malgre li te konfime kapasite l nan 3èm divizyon an, natif natal Piyon an pa t vle kite ekip Classique Ouanaminthe lan, paske li te pasyan anpil epi tann lè l rive.

Si Louibens pa t vle kite ekip la nan yon tan, Prezidan ekip la te deside fè yon kraze kite sa aprè l fin elimine nan plizyè konpetisyon. Kòm se foutbòl ki te menenn aktyèl jwè Ouanaminthe FC a nan nan Nòdès ,ekip kraze li pa gen lòt ide ki se tounen Piyon. Kòm li te sèvi kominote a nan foutbòl gen yon direktè ki te di l ap bal kay pou li rete. Louibenn te toujou ap jwe chanpyona vakans.

Van espwa te kòmanse soufle lè chanpyona anonse l ap reprann aprè yon bon tan kanpe men se espesyal l ap ye, Louibenn kòmanse antrene ak ekip Ouanaminthe FC a, nou nan lane 2024 . Louibenn (Casemiro) te arive enteregre ekip Ouanaminthe FC a, malgre te gen lòt ekip ki t ap mande pou li, li te di yo mèt tann l ap fè yon chwa, e se te pou premye fwa li pral pote koulè yon ekip nan premye divizyon, yon rèv ki vini reyèl paske depi lè l rantre Wanament li te konn al gade match ekip la e li toujou di fòk li entegre ekip la.

Pou premye ane l nan ekip la, li te youn nan pyès enpòtan, Louibenn ak ekip la te batay anpil ekip la te rive fè pleyòf e yo te fini nan dezyèm plas chanpyona a e kalifye pou konpetisyon CONCACAF championship la. Pou dezyèm edisyon chanpyona nasyonal espesyal la Louibens toujou titilè ak ekip la li deklare: "Mwen santi m koupab nan dezyèm defèt ekip la nan chanpyona s, m te sanksyone akoz yon pawòl m te di abit la lè match premye jounen an te fini, si m te la ekip la te ka evite defèt la."

Louibenn pa sèlman jwe foutbòl, li di li fè anpil bagay, li konn koupe cheve, li se bòs ferayè pou site sa sèlman men pou moman li konsantre l sou foutbòl akoz li renmen foutbòl. "Pi gwo kapasite m nan foutbòl se travay, mwen fè anpil gòl nan chanpyona vakans, lè m sou teren m toujou jwe ak mantalite pou m genyen byenke m konn defèt egziste, m paka fè anpil gòl koz chanpyona nasyonal ak vakans pa menm, plas yo diferan". Pou sezon pase a li te make yon gòl nan chanpyona nasyonal la.

Jèn konbatan di, li kwè nan batay anpil "M ap jwe anndan teren an ak Paloulou epi James Cené yo ede m menm jan m ede yo, m rekipere anpil e pafwa lè yo pa disponib bò kote m mwen òganize jwèt la.

Li ale pi lwen li di : M ap travay anpil sou wout kan, nou ap rapwoche pi pre pleyòf anvan chanpyona fini m ap bay tout mwen menm pou fè pou pi piti 3 gòl".

Louibenn konseye tout jèn ki vle avanse nan foutbòl la " mete prensip lakay yo koz foutbòl pa fèt san prensip, jwèt la pa gen anyen anplis se travay pa pè afwonte, plis prensip ak detèlinasyon".

Si pou premye patisipasyon l nan chanpyona a li te vis chanpyon, li espere chanpyon ane sa ,nan sa ki gen pou wè ak seleksyon nasyonal la, li sèten li ap pote koulè a nan karyè li e menm rive jwe Koup Dimond ak peyi l .

Jwè a di l ap batay pou l kenbe plas titilè nan ekip Ouanaminthe FC a" mwen pa renmen ap assiste e m ap batay pou m toujou titilè, si kote m ye a gen twòp moun m ap demake pou m al yon lòt kote pou m patisipe nan jwèt, m polivalan, m ka ede ekip mwen sou bò gòch malgre m pa lateral, m dwe ekip la sa lè l nan bezwen, m jwe kòm defansè santral tou si ekip la anpàn jwè nan plas sa map ede, e menm gadyen m ka fè si ka a mande sa, m jwe kòm 9 edmi tou, m se foutbolè si ekip mwen gen yon pwoblèm m dwe reponn".

Sinor Louibens (Casemiro) deklare l ap konsantre sou 3 dènye match chanpyona a e li espere ekip Ouanaminthe lan ap fè 9 pwen, li di jwè yo gen bon relasyon ak nouvo antrenè a epi yo antann yo byen sou desizyon yo, li estime yo te manke anbyans e li di" nou deja pèdi de match nou p ap al jwe".

Li te tou pwofite voye yon mesaj bay Real Hope anvan 4èm jounen an jwe " nou pral jwe kont Real Hope m sèten n ap jwenn yon bon Casemiro e m espere fè gòl, n ap bay tout nou menm pou nou sòti ak 3 pwen an".

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou