Chanpyona nasyonal espesyal la fin jwe 3èm jounen an. Nan zòn Latibonit la, 4×4 yo se sèl chèf.
Gwoup Latibonit la gen mèt. Ekip Baltimore SC ki sòti nan vil Senmak se sèl bouwo klasman an pou zòn Latibonit la.
Ekip Baltimore a sou yon bèl lanse nan konpetisyon an aprè 3 match yo jwe deja yo. Ekip 4×4 la poko konnen sa ki rele defèt la. Pandan atak yo pa twò nan tòp fòm yo, men nan ban defans lan Baltimore se bout fè.
Pou 3 match yo jwe deja yo, yo pran yon sèl gòl pandan yo bay sèlman 3 gòl. Pou zòn sa a se bèl kolonn Tempête yo ki gen pi bon atak avèk 5gòl make.
Malgre fèb kantite gòl sa yo, Baltimore SC kontwole tèt klasman zòn lan ak 7 pwen sou 9 posib. Yo fè 2 viktwa sou Triomphe AC (ale ak retou).
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou