AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI Ekspatriye

Ekspatriye

Angelo Éxilus fè premye aparisyon li ak Mount Pleasant FC

imaj atik la

11 avril 2025   Steve Pierre   441

Aprè plizyè semèn ap tann, bèl istwa ant Angelo “Waby” Éxilus ak klèb Mount Pleasant Football Academy nan Jamayik kòmanse ekri pou tout bon. Ansyen jwè Real Hope FA a, ki te siyen ak klèb jamayiken an depi fevriye, pa t ka rantre nan peyi a akoz kèk difikilte administratif. Men jodi a, tout bagay vin tounen listwa.


Se pa t fòt li. Tout bagay te pare pou li vole ale nan nouvo defi sa, men papye yo te fè l pran reta. Pandan tout tan sa a, Waby te kontinye antrene, kenbe tèt frèt, epi prepare tèt li pou lè moman an ta rive. Moman sa finalman rive, jodi a li mete valiz li nan peyi Jamayik e mete sou do li nimewo 29 pou montre li pare pou fè sa li konn fè pi byen an ki se : jwe foutbòl.

Nan rankont ki te mete Mount Pleasant FC fas ak Racing United, jounen jedi 10 avril 2025 lan, ekip Waby a soti ak yon viktwa (2-1). Atakan ayisyen an te kòmanse sou ban, men antrenè a pa t rate chans pou mete li sou teren an. Se nan 86èm minit, li antre nan plas Raheem Edwards, youn nan bitè match la. Yon antre senbolik, men ki gen anpil sans : li make kòmansman ofisyèl avanti li sou tè kamayiken an.

Waby pa sezi ak defi. Li sòti nan youn nan pi gwo klèb peyi a, li abitye ak presyon epi responsabilite. Kounye a, li nan yon lòt reyalite, ak plis opòtinite, men tou plis konpetisyon. Men, ak volonte li, disiplin li, ak lanmou li pou jwèt la, pa gen dout li ka mete pye l byen fon sou teren jamayiken an.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou