Real Hope FA pran nan pyèj pou dezyèm edisyon Chanpyona Nasyonal vèsyon espesyal la.
Chanpyon an tit premye edisyon chanpyona nasyonal espesyal la, pa nan bon eta menm pou dezyèm edisyon an.
Klèb kapwa a jwe 3 jounen deja nan konpetisyon an, sou 3 jounen sa yo yo pa konn sa k rele viktwa a. Yo fè 2 defèt epi yo fè yon match nil.
Yon sitiyasyon ki mete klèb la nan gwo panik pou l ta rive kalifye pou faz Pleyòf konpetisyon an. Antrenè yo a Harry Louis poko konn ki sen pou li rele pou ta jwenn gou premye viktwa l nan chanpyona a.
Yo twouve yo nan dènye plas gwoup Nò a ak yon pwen. Pandan FICA se ekip ki okipe tèt klasman sa ak 7 pwen apre 3 match.
Pwochen rankont yo se pral 20 avril la kont ekip AS Capoise la.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou