AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI Ekspatriye

Ekspatriye

Clifford Thomas mete koulè Mount Pleasant sou li pou premye fwa

imaj atik la

10 avril 2025   Steve Pierre   407

Apre plizyè semèn ap tann, Clifford Thomas finalman fè premye aparisyon li ak Mount Pleasant Football Academy, ekip ki nan Premye Divizyon foutbòl Jamayiken an. Sa te fèt jodi a, nan yon match an reta pou 30èm jounen chanpyona a kont Racing United.


Anons transfè Clifford Thomas te fèt depi nan mwa fevriye, kote li te kite Moca FC nan Repiblik Dominikèn pou li al fè eksperyans nan Jamayik. Malerezman, pwoblèm administratif te mete fren sou entegasyon li nan ekip la, e li pa t kapab jwe ak nouvo klèb li a pandan tout tan sa. Pandan li t ap tann pwoblèm sa yo rezoud, pou l te ka toujou kenbe fòm li, ansyen jwè Arcahaie a te rantre Ayiti, nan vil Okap, kote li te konn antrene ak FICA epi lòt klèb ankò. Sa ki t ap pral fè yon rimè kouri di li pral rejwenn "Colombe" yon enfòmasyon li ta pral demanti nan mikwo laprès.

Aprè anpil pasyans, nan yon match ki jwe sou teren Drax Hall Sports Complex, jodi a, nan lakou Jamayik, kote Mount Pleasant t ap resevwa ekip Racing United nan. Clifford Thomas te kòmanse match la sou ban, men li te rantre nan 66èm minit pou ranplase yon lòt ayisyen, Franco Célestin.

Antre Clifford Thomas make yon nouvo chapit nan karyè li, kote li mete fen nan plizyè mwa difikilte ak ensètitid. Prezans li sou teren an deja soulve espwa sou sa li ka pote pou ekip la pandan rès sezon an.

Mount Pleasant te fè yon viktwa (2-1) fas ak Racing United. Avèk viktwa sa a, yo kenbe premye plas nan klasman an ak 78 pwen, yo toujou gen de (2) match an reta pou jwe sou 35 jounen total chanpyona a. Se yon pozisyon ki mete yo nan bon jan avantaj pou y al jwe pleyòf.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou