AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI PremyeDivizyon

PremyeDivizyon

Melchie Durmonay ak Duckens Nazon, 2 pami foutbolè ayisyen ki montre fyète peyi a jis nan nanm yo

imaj atik la

10 avril 2025   Benswilkenson Jean   735

Ayiti konnen anpil atlèt nan divès kategori espòtif ki toujou pwouve yon lanmou san parèy pou peyi a.


Pami yon bann atlèt ki toujou pran pozisyon e pwouve lanmou yo pou peyi a a nan tout nanm yo, Duckens Nazon ak Melchie Durmonay malgre gwo nivo yo nan jwèt foutbòl la toujou fyè pou pran inisyativ epi pale nan tout sitiyasyon peyi a.

Yon ti kout je sou kèk inisyativ Duckens Nazon:
Chouchou ayisyen an se ti non sa dezyèm pi bon bitè seleksyon nasyonal la Duckens Nazon genyen pou anpil ayisyen. Jwè a toujou degaje lanmou l pou peyi a. Non sèlman nan pawòl men tou nan aksyon li. Jou ki te 14 dawout 2021 peyi a te frape ak yon gwo tranblemann tè. Sa ki te koz anviwon 4 depatman nan peyi a pran gwo frap. Anpil fanmi te pèdi tout sa yo te genyen, yo pa t gen kote pou rete. Grenadye a lanse yon inisyativ ki te pote non Humanayiti bati 10 kay pou abitan. Yon jès ki montre volonte jwè a ak fason li kapab li ede peyi a. Nan lane 2022 pwojè sila te abouti, 10 fanmi te jwenn kle kay sa yo.

Melchie Daëlle Durmonay, natif Mibalè a, se youn nan pi gwo fyète foutbòl ayisyen an bay. Jwez la toujou montre yon lanmou san parèy pou peyi l.

Jwez la toujou retransmèt lanmou l ak fyète l pou peyi a. Malgre gwo ora li genyen nan foutbòl la kounya a li toujou reponn prezan ak apèl seleksyon fanm lan pou tout kalite match (amikal kou ofisyèl). Tankou l te di l nan dat 29 oktòb 2024 la " Se toujou yon lonè ak yon plezi pou m jwe pou peyi m".

Nan kategori sa se pa sèl 2 atlèt sa nan foutbòl la ki toujou leve Ayiti wo nan foutbòl la. Anpil lòt jwè tankou Wild Donald Guerrier, Frantzdy Pierrot se yon seri jwè ki toujou prè pou reponn "ui" depi koz la se pou Ayiti.

Gen atlèt binasyonal yo tou tankou Naomie Osaka (jwez tenis) ak Jonathan David (jwè foutbòl) malgre doub nasyonalite yo, yo toujou bay yon ochan espesyal ak drapo ble ak wouj la tout kote yo pase.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou