Tiraj pou Gold Cup 2025 la fèt jodi a, Ayiti deja konnen ekip li pral jwe kont yo nan faz gwoup la. Grenadye yo tonbe nan Gwoup D a, kote yo pral gen pou yo fè fas ak de ekip solid nan rejyon an ak andeyò.
Edisyon 2025 Gold Cup la ap dewoule sòti 14 jen pou rive 6 jiyè 2025, sou teritwa Etazini ak Kanada. Se 16 ekip ki ap patisipe, e match yo ap jwe nan 14 estad gaye sou 13 vil, tankou: SoFi Stadium (Los Angeles, CA), BC Place (Vancouver, Kanada), Levi’s Stadium (Santa Clara, CA), AT&T Stadium (Arlington, TX) ak NRG Stadium (Houston, TX) kote final la ap fèt.
Nan Gwoup D, Ayiti pral jwe kont:
1)Etazini (peyi òganizatè a),
2) Trinidad
3) Arabi Sawoudit (yon envite espesyal nan konpetisyon an.)
Gwoup la pa fasil, men li bay ekip ayisyen an opòtinite pou montre kapasite li epi chèche kalifikasyon pou faz eliminatwa yo.
Gold Cup 2025 la ap make yon lòt okazyon pou Ayiti fè pèp la fyè. Grenadye yo deja mete tèt yo nan plas pou yo leve defi ki devan yo. Kalandriye ofisyèl match yo ap pibliye nan jou yo, n ap kontinye enfòme w sou tout detay ki gen rapò ak preparasyon epi patisipasyon Ayiti nan gwo randevou sa a.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou