AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI SeleksyonNasyonal

SeleksyonNasyonal

Gold Cup 2025 : Ayiti konn kilè l ap jwe 3 match premye faz la

imaj atik la

11 avril 2025   Steve Pierre   479

Tiraj osò Gold Cup 2025 lan fèt ofisyèlman ayè, epi Ayiti jwenn plas li nan gwoup D ansanm ak twa (3) lòt seleksyon ki pa fasil ditou. Se Etazini, Trinidad & Tobago, epi Arabi Sawoudit ki pral kwaze sou wout Grenadye yo nan premye faz konpetisyon an.


Gold Cup la se pi gwo konpetisyon foutbòl nan zòn CONCACAF la, li regwoupe tout pi bon seleksyon nan Amerik Dinò, Amerik Santral ak Karayib la. Pou edisyon 2025 lan, konpetisyon an ap dewoule sòti 14 jen pou rive 6 jiyè 2025, sou teritwa Etazini ak Kanada.

Gwoup D a : yon gwoup ki pa fasil

1) Etazini : Se peyi òganizatè a epi youn nan pi gwo pilye nan zòn nan. Yo deja pran 7 tit Gold Cup yo pèdi 6 final tou, chak fwa yo rantre nan konpetisyon an tou, se pou viktwa.

2) Trinidad: Yon ekip ki gen bon eksperyans nan rejyon an. Ayiti konn rankontre yo souvan, match yo toujou chaje ak tensyon. Se sou yo tou seleksyon nasyonal la te genyen Gold Cup 2007 la.

3) Arabi Sawoudit :Se yon ekip envite pou edisyon sa a. Yo sòti nan AFC (Konfederasyon Azyatik la) epi yo gen anpil eksperyans entènasyonal, sitou nan koup Dimond 2022 a yo te bat Ajantin (2-1). Yo konn ofri gwo rezistans e yo pa fasil pou bat.

Pou Ayiti, li klè batay la p ap fasil nan gwoup sa a. Grenadye yo ap bezwen mete tout fòs yo ansanm, ak bon preparasyon fizik ak taktik pou yo ka pase faz sa a.

Men kalandriye match Ayiti yo :

1. Dimanch 15 jen 2025
Stad : Snapdragon Stadium, Sanndyego, Kalifòni
Match : Ayiti vs Arabi Sawoudit


2. Jedi 19 jen 2025
Stad : Shell Energy Stadium, Oustonn, Tekzas
Match : Ayiti vs Trinidad


3. Dimanch 22 jen 2025
Stad : AT&T Stadium, Alingtonn, Tekzas
Match : Ayiti vs Etazini


Seleksyon an ap antre nan konpetisyon sa a ak anpil espwa. Aprè plizyè bon pèfòmans nan lane pase ak lane sa gen anpil moun ki kwè seleksyon an ka depase faz gwoup la epi menm mete tèt li pami pi bon yo. Antrenè a gen travay devan li, Gold Cup 2025 lan kapab sèvi kòm yon etap enpòtan pou bati yon ekip solid, pa sèlman pou konpetisyon sa a, men tou pou rès eliminatwa Mondyal FIFA 2026 la ki ap kontinye aprè sa.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou