Yo souvan di nan lavi, aprè soufrans se delivrans. Cristiano Ronaldo ki se youn nan lejann mond foutbòl la konnen souvan fè fas ak moman ki pa fasil pou li prèske nan tout chanpyona li rive jwe yo.
Yo souvan di nan lavi, aprè soufrans se delivrans. Cristiano Ronaldo ki se youn nan lejann mond foutbòl la konnen souvan fè fas ak moman ki pa fasil pou li prèske nan tout chanpyona li rive jwe yo.
Nan peyi Arabi Sawoudit, entènasyonal pòtigè a ki ap defann koulè klèb Al-Nassr la, te twouve li nan yon moman ki pa t souri ak li akoz li te wè ekip li a ap sibi presyon lòt ekip ki te twouve l nan 4èm plas la.
Fas ak sa, an bon kapitèn pòtigè a bay sipò ak koyekipye li yo pou ede yo kenbe nan kous pou kalifikasyon Ligue des Champions Azyatik sezon 2025/2026 la. Pou sa, li pa sispann fè filè tranble ak gòl epi ede ekip li fè viktwa san kanpe.
Sou twa dènye match klèb Al-Nassr lan jwe nan Saudi Pro League la, yo rete sou 3 viktwa youn dèyè lòt. Wikenn lan fas Al-Riyadh, jòn e ble yo fè dènye viktwa yo (2-1) gras ak yon double CR7 fè. Pami gòl li yo, dezyèm gòl la atire atansyon anpil fanatik pou fason li jwenn yon rebon e dekoupe balon an depi anlè pou mete balon nan filè ak yon do pye.
Avèk gwo siksè sa, Al-Nassr ranje chita li nan 3èm plas SPL la pandan li redwi eka li te genyen ak Al-Hilal la. Pou kounya, dezyèm lan konte yon pwen anplis ekip Sadio Mané a aprè 27 jounen.
Cristiano Ronaldo sou plan endividyèl, li meyè bitè Ligue des Nations, Saudi Pro League la, Ligue des Champions Azyatik, seleksyon Pòtigal la epi klèb Al-Nassr an. Pa bliye, lejann lan gen 40 lane sou tèt li.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou