Nan Anthony Spaulding Sports Complex lan, yon match ki konte pou 36èm jounen chanpyona premye divizyon jamayiken an, Mount Pleasant FC te frape fò sou teren Chapelton Maroons, kote yo ale chache yon bèl viktwa (0-2). Epi pami ewo jounen an, non Angelo “Waby” Éxilus make ak lèt klè: Premye fwa li jwe kòm titilè ak nouvo klèb li a, li make, li jwe tout match la.
Depi lè li debake Jamayik, anpil moun t ap tann wè kijan jèn ayisyen sa a t ap adapte l ak nouvo anviwònman an. Aprè premye aparisyon li semèn pase a kote li te antre kòm rezèv, jodi a, antrenè a te mete konfyans li nan li nèt. Li mete Waby kòm titilè, li pa regrèt sa ditou.
Match la te 0-0 jouk nan 61èm minit, lè Angelo Éxilus an bon atakan, li frape balon an ak konfyans pou l ouvri eskò a pou Mount Pleasant. Yon aksyon ki montre tout kalifikasyon li kòm yon atakan entelijan.
Aprè gòl sa, ekip la te kontinye mete presyon, se Raheem Edwards, ki te ranplase pa Waby nan match anvan an, ki make dezyèm gòl la nan 74èm minit pou mete ekip la alèz jiska kout siflè final la.
Premye gòl, premye match kòm titilè, epi li jwe tout 90 minit yo ak anpil efikasite. Waby voye yon siyal klè kote li montre l pare pou pi gwo defi yo. Li montre adaptasyon li nan peyi Jamayik se pa ti bagay, li vle sèvi ak opòtinite sa pou mete non li pi wo toujou.
Pandan li ap mete lòd sou teren an nan Jamayik, fanatik foutbòl ayisyen yo kontinye swiv jèn talan sa ak fyète. Avèk sa li montre jodi a, se klè, se pa sèlman premye gòl li, men premye nan anpil lòt k ap vini.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou