Nan yon premye manch demifinal Ligue Des Champions fanm yo ki te jwe nan Meadow Park, ekip Olympique Lyonnais a al chèche yon viktwa (1-2) sou Arsenal. Melchie Dumornay make youn nan gòl viktwa sa a, ki mete Lyon nan yon bon pozisyon anvan match retou a.
Match la te kòmanse ak anpil entansite, Olympique Lyonnais pa t pran tan mete presyon sou ekip lokal la. Se Kadidiatou Diani ki louvri mak la nan 17èm minit sou yon bon pas Ellie Carpenter te fè pou li. Lyon te kontinye menase, nan 32èm minit, jèn ayisyèn nan Melchie Dumornay te pre pou double avantaj la, pandan gadyen anglè a te fè yon avanse li te lobe l men boul la te frape sou ba transvèsal la.
Arsenal pa t lage, yo te kontinye mete anpil presyon. Nan 78èm minit, yo jwenn yon penalite aprè gadyen Lyon an Christianne Endler te fè yon fot. Se Mariona Caldentey ki te pran responsabilite li epi mete balon an anndan filè pou egalize (1-1).
Men Lyon te gen repons lan byen vit. Se Melchie Dumornay ki mete dezyèm gòl yo an nan 82èm minit, sou yon bon pas Amel Majri, se konsa ekip fransèz la fini pa ranpòte match ale a.
Avèk viktwa sa a (1-2), Olympique Lyonnais mete tèt li nan yon bon pozisyon anvan match retou a ki fikse pou 27 avril lakay yo. Ekip Arsenal la ap oblije reponn ak karaktè si yo vle chèche yon plas nan final la.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou