UEFAChampionsLeagueEuroEuropaLeagueLòt
AKÈY UEFA ChampionsLeague

ChampionsLeague

Thibout Courtois pale di ak atakan Real yo

imaj atik la

18 avril 2025   Benswilkenson Jean   488

Real Madrid pran youn nan pi gwo wont li nan listwa Champions League la.


Merengue yo elimine nan kadefinal Champions League aprè Arsenal fin bat yo ni nan ale ak ni nan match retou a nan Bernabeú a. Madridista yo ki t ap fè elòj sou posib remontada al pantan sou Gunners yo ki byen kwit diri a nan pwòp kay blanch lan.

Eliminasyon fatal sa a kite yon gou anmè nan bouch gadyen titilè Real Madrid la Thibaut Courtois ki pa sispann lanse pawòl piman bouk sou 4 prensipal sipèsta ki nan atak Real la.

Nan moman match la te fini, gadyen bèlj la te fè konnen ekip la manke yon atakan tankou Joselu (n ap raple Joselu fè yon sèl sezon ak Real e li te ede yo nan match kapital demifinal kont Bayern lan ak 2 gòl nan fen match la ki te kalifye yo pou final e pran tit la).

"Nou te santre anpil men nou pa t gen yon jwè tankou Joselu". Courtois.

Nan menm deklarasyon sa a, bèlj la te kontinye kritike atakan yo ki plis jwe yon fason endividyèl olye kolektif "Nou dwe aprann kritike tèt nou. Pa fwa fòk nou jwe plis kolektif pase endividyèl".

Eliminasyon an tèlman fè jwè a mal, li kontinye ap kritike atakan ekip li a ki pa t regle anyen nan 2 rankont fas Gunners yo.

"Nou pa gen dwa toutan ap tann 4 jwè devan yo drible 3 moun aprè pou yo make yon bèl gòl toutan" yon kritik gadyen an fè sou jwè yo ki rete nan yon lojik endividyèl olye yo jwe an ekip.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )