Pandan semèn lan, LDU Quito ki ap patisipe nan Copa Libertadores la, te gen pou jwe match retou 8èmfinal konpetisyon sa fas Botafogo. Si nan ale a, klèb Davide Ancelotti te genyen yo 1-0, Ricardo Adé ak ekip li te chavire advèsè nan retou a 2-0 pou pran biyè kalifikasyon ki bay dwa ak kadefinal la.
San pran poz, klèb LDU Quito te oblije pran wout tèren jodi a pou ale vizite El Nacional nan faz 26èm rankont seri A ekwatoryen an. Kont 10èm lan, Ricardo Adé asiste ak yon defèt ki fè yo rate okazyon pou avanse pi pre lidè konpetisyon an.
Malgre yon dominasyon kote chanpyon edisyon Copa Libertadores 2008 yo, Centrales yo pa t kapab anpeche klèb Nacional la genyen (1-0). Viktwa sa rive fèt ak anpil difikilte akoz yo te fini rankont lan an mwens. Nan 57èm minit, defansè santral yo a te pran yon katon wouj pou asiste koyekipye li yo ap jwe an enferyorite.
Nan menm sistèm ak 3 defansè a, Ricardo Adé fè tout sa ki te kapab sof anpeche ekip la konnen defèt sa ak yon eskò minim. Defèt sila toujou kite LDU nan twazyèm plas la ak 44 pwen.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou