Sou 28èm sòti klèb Philadelphia Union an, Danley Jean Jacques te titilè pou yon 21èm fwa nan MLS la. E rankont sa te konte pou 25èm match entènasyonal ayisyen an pou sezon sa ak ekip li.
Rankont sila kote klèb Philadelphia maspinen Chicago Fire (4-0), Danley, kòm dabitid t ap jwe nan mitan tèren an, li fè filè souke pou yon twazyèm fwa nan peyi Etazini. Sou 4 gòl ekip la make a, milye ayisyen an te make 3èm gòl la sou yon bèl frape anndan kare a.
Avèk sipò grenadye a nan mitan tèren an, orijinè Tigwav lan patisipe nan ede klèb la reprann premye plas la nan MLS 2025 lan ak 54 pwen. Sou 25 rankont li jwe ak ekip la Jean Jacques fè 3 gòl epi bay 2 pas gòl pou sezon an ki pako fini.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou