ALMAYBundesligaBundesliga2DFB-PokalLòt
AKÈY ALMAY Bundesliga

Bundesliga

Erik ten Hag fè yon move sòti nan premye jounen Bundesliga

imaj atik la

23 dawout 2025   Neuvième Junior   552

Jodi samdi a, plizyè chanpyona ki potko lanse chwazi demare. Nan peyi Almay ki louvri pòt li ayè vandredi, Bayern Munich te sable RB Leipzig 6-0. Erik ten Hag ak Beyer Leverkusen pran baton nan match pa yo a.


Fas Hoffenheim ki se youn nan ekip ki konn poze kesyon pafwa kont meyè klèb chanpyona yo, yo bat Werkself yo (2-1) an deplasman. Bayer Leverkusen ki te gen yon pakèt jwè ki te pote chanjman nan chanpyona alman an e anpeche klèb Bayern lan rate yon sezon, pa gen posiblite pou fè sa ankò akoz majorite jwè sa yo rejwenn lòt klèb.

Chanpyon 2024 Almay la e vis Chanpyon dèyè Bayern sezon 2025 lan, Bayer Leverkusen pral gen pou rekonstwi aprè antrenè a Xabi Alonso ak plizyè jwè nan efektif la tankou Florian Wirtz, Granit Xhaka, Jeremie Frimpong, Lukas Hradecky, Jonathan Tah, Amine Adli kite klèb la.

Nouvo sou ban Werkself yo, Erik Ten Hag wè anfas li yon chemen ki long anpil. Pou eseye fè pakou a, ansyen antrenè Manchester United la dwe panse ak defans lan avan li rive jwenn sa li bezwen an. Men pou komanse, Bayer Leverkusen deja fè yon fo pa depi nan premye jounen. Kounya nou ap tann koman sa prale pou nouvo manadjè klèb lan.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )