AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI Ekspatriye

Ekspatriye

Carl Fred Sainté enpoze li an bon chèf ak Phoenix Rising

imaj atik la

24 dawout 2025   Neuvième Junior   199

Nan Phoenix Rising Stadium lan, se la Carl Fred Sainté te chita pou resevwa Colorado Springs Switchbacks FC, pou jwe 21èm rankont yo nan USL Championship la ayè nan aswè.


Nan Phoenix Rising Stadium lan, se la Carl Fred Sainté te chita pou resevwa Colorado Springs Switchbacks FC, pou jwe 21èm rankont yo nan USL Championship la ayè nan aswè.

Nan yon sistèm 4-2-3-1, Carl Fred Sainté ki sòti nan lakou gran gwav, te okipe plas defansè santral sant goch ekip la pou ede yo konnen yon bèl viktwa (4-1). Gras ak pèfomans grenadye a li pami jwè ki briye nan match sa, milye ayisyen an ki te konvèti kòm defansè santral, enpoze l an bon mèt defans.

Gras ak efò Sainté, klèb Phoenix Rising lan te gen chans fè fas ak tantativ advèsè yo ki t ap eseye chache wè koman yo te kapab frape ekip grenadye a. Men detèminasyon tout ekip la ansanm, fè yo fini an jwa gras ak viktwa a.

Poutan, sa te fini ak yon move sansasyon kanmèm. Rezon ki lakoz sa, se paske Carl Fred te kite rankont lan nan 82èm minit akoz blesi. Pou evite sa pi grav, antrenè a te oblije fè sa ki enpòtan anvan sitiyasyon an te vin pi grav. Kounya li rete pou nou konnen si l pral ekate tèren pandan kèk tan.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )