Nan Estadio Domingo Polonia, ayè samdi 23 dawout 2025 lan, nan okazyon 4èm jounen La Liga Dominicana, Salcedo FC kontinye bèl kous li gras ak atakan ayisyen an, Jamesley Daniel, ki make sèl gòl rankont la nan 54èm minit pou ofri ekip li a yon viktwa enpòtan (1-0) kont Jarabacoa.
Match la te sere anpil, chak ekip t ap chèche pran avantaj. Men, yon fwa ankò, se Daniel, gwo zam ofansif Salcedo a, ki te parèt pou fè diferans lan, nan kare advèsè a, li frape ankò pou bay Salcedo twa (3) pwen ki mete yo nan bon pozisyon nan klasman an.
Avèk gòl sa a, Jamesley Daniel rive make 6 gòl nan 4 match depi kòmansman sezon an. A 28 lane, ansyen jwè ASC ak O&M FC la ap viv youn nan pi bon fòm karyè li, li tounen yon veritab lidè pou Salcedo FC.
Klèb dominiken an ap kapab konte sou atakan ayisyen an pou kontinye chase tit la, paske chak jounen li pwouve li se pi gwo danje defans advèsè yo.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou